s
NY.gov Portal State Agency Listing Search all of NY.gov
Komisé Michael F. Hogan, Ph.D.
Andrew M. Cuomo, Gouvéné

Règ Vi Prive HIPAA Pou Pwoteksyon Enfòmasyon Sante ak Sante Mantal

Vi Adobe Acrobat vèsyon | Rale dosye Adobe Acrobat Reader kite omh sit

(Remak: Enfòmasyon ki pi ba a se yon rezime epi se sèlman pou bay enfòmasyon jeneral li ye. Kote ki ofri sèvis pou sante mantal ak lòt kote ki kouvri yo pa dwe depann sou rezime sa a pou yon sous enfòmasyon  oswa konsèy legal epi yo dwe konsilte pwòp avoka yo oswa Ofisye Vi Prive HIPPA a pou gid espesifik.)
Entwodiksyon:

Dokiman sa a bay yon gid sou eleman kle egzijans Lwa Asirans Sante Pou Transferabilite ak Responsabilite [Health Insurance Portability and Accountability Act, HIPAA], lejislasyon federal ki te pase an 1996 pou egzije founisè swen sante (tankou swen sante mantal) pou asire vi prive dosye pasyan yo ak enfòmasyon sou sante yo. HIPAA egzije Depatman Sante ak Sèvis Moun (HHS), ki nan nivo federal, pou devlope regleman ki  aplike egzijans sou vi prive sa yo. Regleman sa yo rele Règ Vi Prive, epi yo te kòmanse aplike 14 avril 2003. Lwa nan nivo eta ki bay pi gwo pwoteksyon pou vi prive nan zafè swen sante yo ap rete bon menm apre HIPAA pase, epi se sak fè dokiman sa a fè kèk referans enpòtan ak egzijans nan lwa konfidansyalite sou sante mantal Eta Nouyòk (seksyon 33.13 nan Lwa Ijèn Mantal la).

Jeneral:

Règ Vi Prive HIPAA a (45 CFR Pati 160 ak 164) bay premye pwoteksyon Federal konplè sou vi prive enfòmasyon sou sante ak sante mantal. Rezon Règ la se pou  bay bon jan pwoteksyon legal pou asire vi prive enfòmasyon sou sante moun, san yo pa deranje aksè nan tretman, operasyon swen sante, oswa kalite swen an.
Règ Vi Prive a se pou “kote ki kouvri yo”. Jeneralman kote ki kouvri yo se tankou plan sante ak founisè swen sante ki voye enfòmasyon sou sante pa mwayen elektwonik. Kote ki kouvri yo genyen prèske tout founisè swen sante ak sante mantal, menm si yo ofri moun nan sèvis kote li pa bezwen entène lopital, yo ofri li lakay li, oswa li bezwen entène lopital, ansanm ak lòt moun oswa òganizasyon ki fè peye oswa touche pou swen sante.

Prensip Fondamantal Règ Vi Prive a:

  1. Règ Vi Prive a pwoteje tout “enfòmasyon sante pwoteje” (PHI), tankou enfòmasyon sante ak sante mantal ki ka idantifye moun nan menm oswa sa yon kote ki kouvri voye nan nenpòt fòma, tankou elektwonik, sou papye, oswa deklarasyon pa bouch.
  2. Yon gwo objektif Règ Vi prive a se pou defini ak limite sikonstans kote ki kouvri yo kapab itilize oswa pataje enfòmasyon sante pwoteje moun. Jeneralman, yon kote ki kouvri pa ka pataje enfòmasyon sante pwoteje ak lòt moun, sòf pou:
    1. jan Règ Vi Prive a pèmèt oswa egzije; oswa
    2. jan moun enfòmasyon sante a sou li a (oswa reprezantan pèsonèl li) otorize sa. Yon otorizasyon ki konfòme ak HIPAA dwe gen enfòmasyon espesifik Règ Vi Prive a egzije.
  3. Yon kote ki kouvri dwe bay moun yo (oswa reprezantan pèsonèl yo) aksè nan pwòp enfòmasyon sante pwoteje yo (amwenske gen bon rezon ki pèmèt yo refize li), epi yo dwe bay yon rapò sou kote yo pataje enfòmasyon sante pwoteje ak lòt moun, lè yo mande sa.
  4. Règ Vi Prive a ranplase lwa nan nivo Eta a, men Lwa nan nivo Eta a ki bay pi bon pwoteksyon vi prive oswa ki bay moun yo pi bon aksè nan pwòp enfòmasyon sante pwoteje yo ap toujou aplike.

(Remak: Se pa sèlman HIPPA moun yo bezwen konsilte. Yo bezwen konsilte lwa sou vi prive federal ki gen pou wè ak sitiyasyon yo a (tankou regleman ki gen pou wè ak Medicaid avèk pwogram tretman pou abi dwòg/alkòl ki finanse nan nivo federal), ansanm ak lwa sou vi prive nan nivo Eta a tou (tankou Lwa Ijèn Mantal – seksyon 33.13, Lwa Sante Piblik la, pwovizyon lisans Lwa Edikasyon an, ak Lwa ak Règ Pratik Sivil yo), pou detèmine si li legal pou pataje enfòmasyon medikal nan yon sikonstans an patikilye.)

Kote Yo Kapab Itilize Oswa Pataje Enfòmasyon Sante  Pwoteje San Otorizasyon

Gen pwovizyon byen long nan Reg Vi Prive a  ki dekri sikonstans yo kapab pèmèt kote ki kouvri yo itilize oswa pataje enfòmasyon sante pwoteje, san otorizasyon moun enfòmasyon pwoteje yo sou li a. Mwen kèk nan lis rezon yo kapab fè sa:

  1. Yon kote ki kouvri kapab pataje enfòmasyon sante pwoteje ak moun nan enfòmasyon an sou li an.
  2. Yon kote ki kouvri kapab itilize ak pataje enfòmasyon sante pwoteje pou pwòp "tretman, pèyman, oswa operasyon swen sante" pa li.
    1. Tretman se lè yo bay, kodòne, oswa jere swen sante ak sèvis ki gen pou wè ak swen pou yon moun, tankou konsiltasyon ant doktè ak refere yon moun bay yon lòt doktè pou swen sante. 
    2. Pèyman genyen ladan aktivite yon founisè swen sante pou touche oswa resevwa ranbousman pou swen sante li te bay yon moun. 
    3. Operasyon swen sante gen fonksyon tankou: (a) evalyasyon kalite ak amelyorasyon; (b) evalyasyon konpetans, tankou evalyasyon pèfòmans, kalifikasyon, ak akreditasyon; (c) revizyon medikal, odit, oswa sèvis legal; (d) fonksyon asirans espesifye; ak(e) planifikasyon, jesyon, ak administrasyon biznis.
  3. Yo kapab pran pèmisyon nan men moun enfòmasyon an sou li a oswa daprè sikonstans ki montre byen klè yon moun ak kapasite te gen opòtinite pou refize yo pataje enfòmasyon an men pa te fè sa. Epi founisè yo kapab depann sou pèmisyon enfòmèl moun nan pou pataje enfòmasyon sante bay fanmi, oswa zanmi pwòch moun nan, oswa lot moun li te idantifye, ki limite nan enfòmasyon ki gen pou wè dirèkteman ak patisipasyon moun sa a.
  4. Lè yon moun enkapasite oswa gen yon ka ijan, kèk fwa founisè yo kapab itilize oswa pataje enfòmasyon sante pwoteje, san otorizasyon, lè li nan pi bon enterè moun nan, daprè jijman medikal founisè swen sante a.  Enfòmasyon sante pwoteje yo kapab pataje sou pwovisyon sa ap gen non pasyan an, kote sant swen sante founisè a ye, ak enfòmasyon limite ak jeneral sou kondisyon moun nan. 
  5. Founisè yo kapab itilize ak pataje enfòmasyon sante pwoteje san otorizasyon moun nan lè li itilize ak pataje enfòmasyon sante pwoteje daprè egzijans lalwa, tankou lwa nan nivo Eta oswa lòd tribinal.
  6. Jeneralman founisè yo kapab pataje enfòmasyon sante pwoteje ak otorite sante piblik nan nivo Eta ak Federal pou evite oswa kontwole maladi, chòk, oswa andikap, ak bay otorite gouvènman ki gen otorizasyon pou resevwa rapò sou abi ak neglijans timoun.  
  7. Founisè yo kapab pataje enfòmasyon sante pwoteje ak otorite gouvènman ki apwopriye yo nan sikonstans limite parapò ak viktim abi, neglijans, oswa vyolans domestik.  
  8. Founisè yo kapab pataje enfòmasyon sante pwoteje ak ajans siveyans sante, (pa egzanp, ajans gouvènman ki bay founisè yo lisans), pou aktivite siveyans legal ki otorize, tankou odit ak envestigasyon. 
  9. Yo kapab pataje enfòmasyon sante pwoteje nan yon pwosè jidisye oswa administratif si demann nan se daprè yon lòd tribinal, manda, oswa lòt pwosesis legal (nap tou di ou lwa Ijèn Mantal Eta Nouyòk ki "pi sevè" a egzije pou gen yon lòd tribinal pou pataje enfòmasyon sante mantal nan sikonstans sa yo).
  10. Jeneralman founisè yo kapab pataje enfòmasyon sante pwoteje ak moun kap aplike lalwa lè:
    1. Daprè lalwa, oswa yon lòd tribinal, manda, oswa yon demann administratif tankou yon manda oswa konvokasyon (Remak: lwa Ijèn Mantal Eta Nouyòk seksyon 33.13 ki "pi sevè" a egzije pou gen yon lòd tribinal pou pataje enfòmasyon sante mantal nan sikonstans sa yo). Enfòmasyon yap chèche a dwe gen pou wè sèlman ankèt la.
    2. Pou idantifye oswa jwenn yon moun yo sispèk, fijitif, temwen oswa yon moun ki disparèt (Remak: daprè Lwa Ijèn Mantal seksyon 33.13, enfòmasyon sa a sèlman pou "idantifye enfòmasyon ki gen pou wè ak ospitalizasyon".
    3. Pou reponn demann yon moun kap aplike lalwa pou enfòmasyon sou viktim yon krim (Remak: daprè Lwa Ijèn Mantal seksyon 33.13, enfòmasyon sa a sèlman pou "idantifye enfòmasyon ki gen pou wè ak ospitalizasyon".
    4. Pou avèti lalwa sou konpòtman kriminèl kap pase yon kote HIPPA kouvri.
  11. Founisè yo kapab pataje enfòmasyon sante pwoteje yo kwè ap nesesè pou anpeche oswa bese yon 
    1. menas fizik ki serye epi kapab rive yon moun oswa piblik la, lè yo pataje kalite enfòmasyon sa a ak yon moun yo kwè kapab anpeche oswa bese menas la (tankou moun ki menase a).
  12. Yon otorizasyon pa obligatwa pou itilize oswa pataje enfòmasyon sante pwoteje bay sèten
    1. pwogram gouvènman ki ofri asistans piblik oswa pou antre nan yon pwogram asistans gouvènman
    2. pwogram gouvènman si li obligatwa pou pataje enfòmasyon oswa lalwa ak regleman otorize sa, oswa lòt sikonstans limite.

Règ "Minimòm Nesesè" a:

Yon kote ki kouvri dwe fè efò rezonab pou itilize, mande, ak pataje ak lòt moun sèlman minimòm kantite enfòmasyon sante pwoteje ki nesesè pou akonpli rezon lap itilize, mande oswa pataje enfòmasyon an. Lè yon nòm minimòm nesesè aplike, yon kote ki kouvri pa kapab itilize, pataje, oswa mande tout dosye medikal yon moun, amwenske li kapab jistifye li gen yon bon rezon li bezwen tout dosye a.
Nòm minimòm nesesè a pa aplike pou sikonstans sa yo:

  1. pataje enfòmasyon ak yon founisè swen sante pou tretman;
  2. pataje enfòmasyon ak moun enfòmasyon sante a sou li a (oswa reprezantan pèsonèl li) ;
  3. itilize oswa pataje enfòmasyon daprè Otorizasyon moun nan (oswa reprezantan pèsonèl li);
  4. itilize oswa pataje enfòmasyon lalwa egzije; oswa
  5. pataje enfòmasyon ak Depatman Sante ak Sèvis Moun pou envestigasyon, revizyon konfòmite oswa aplikasyon lalwa.

Penalite Pou Vyolasyon HIPAA

  1. Penalite lajan pou sivil: Depatman Sante ak Sèvis Moun nan kapab mete yon penalite lajan pou sivil sou yon kote ki kouvri ki kapab $100 si li pa konfòme ak yon egzijans Règ Vi Prive – li pap ka depase $25,000 pa ane pou plizyè vyolasyon menm egzijans Règ Vi Prive a. An jeneral, Depatman Sante ak Sèvis Moun nan pa ka mete yon penalite lajan pou sivil lè vyolasyon an gen yon kòz rezonab, pat gen yon "neglijans pa volonte", epi kote ki kouvri a te korije vyolasyon an avan 30 jou apre li te fin aprann (oswa te dwe aprann) prezans vyolasyon an.
  2. Penalite Kriminèl. Yon moun ki fè espre li pran oswa pataje enfòmasyon sou sante ki ka idantifye yon moun ap vyole HIPAA epi yo kapab bay li yon amann pou $50,000 ak mete li nan prizon pou jiska yon ane.  Si moun nan ki komèt zak la te itilize "fo pretèks", penalite kriminèl la kapab monte jiska yon amann $100,000 ak jiska senk ane nan prizon. Yo kapab mete yon amann jiska $250,00 ak jiska dis ane nan prizon si moun nan te eseye vann, transfere, oswa itilize enfòmasyon ki idantifye moun nan "pou avantaj komèsyal, enterè pèsonèl, oswa pou fè yon zak malveyan."

Pou gade tout Règ Vi Prive a, oswa pou lòt enfòmasyon sou fason li aplike, vizite sitwèb Depatman Sante ak Sèvis Moun, Biwo Dwa Sivil nan: http://www.hhs.gov/ocr/hipaa/.kite omh sit
Li plis enfòmasyon sou HIPAA.